A Platform for Ethnically and Culturally Inspired Music
About "Choukoun"
From the album "Peyi Blue"
Released 26 February 2009
Written by Carlton Rara
Composed by Carlton Rara
Arranged by Serge Tamas, Rija Randrianivosoa

Lyrics:
S’ou vle we yon bel moun
Se pou ou vin ave’n nan bwa
N’ap mande ti zwazo yo nan bwa
Pou’n konn kote bel moun lan
Lè mwen we’l
Mwen di ala bel moun
S’oun mawabou ki gen dife nan je’l
Tout moun nan peyi a rele’l choukoun
Se pa manti wi choukoun byen bel

Chorus
Choukoun Choukoun Choukoun
Vin nan peyi Dayiti ankò
Nou voye chache ou men nou pa konn jwenn ou
Nou kwe nou pa ka viv san ou

Choukoun Choukoun Choukoun
Vin nan lakay nou ankò
Mwen menm gen yon Choukoun nan rev mwen yo
M’kwe se nan rev mwen dwe kenbe’l

Oswal te chante Choukoun
Li te renmen Choukoun deja
L’te rete nan lapenn
De pye’l nan chenn
Adie dan blan bel bouch bonjou twaka

Nou ret mache nan bwa lontan
Men nou pa’t jwenn bel moun lan
Yon ti zwazo ki pa parèt kontan
Di’n Choukoun sòti al nan peyi blan

Chorus

Nou pase Kanada ti cheri
Nou pase peyi Lafwans ti cheri
Nou pase USA ti cheri
Nou pase tout zantiy yo ti cheri

Se pou sa kounye a
N’ap gade chak bel moun
Pou sa n’al mache nan bwa
Men nou pa janm kontwe ak Choukoun

Tounen nan peyi a
Nan peyi Dayiti
Menm s’ou pa vinn pou nou cheri
Annou libere Oswald tanpri

Bis

Annou libere neg mwen tanpri
Annou kase chenn neg mwen tanpri
Chorus